Chèf Leta Brezilyen an, Lula Da Silva, siyen yon dekrè madi 21 mas 2023 a k ap rezève 30% nan pòs wo-fonksyonè nan divès sèvis ki nan administrasyon piblik peyi a pou moun nwa ak ras ki melanje yo. Gouvènman an di li pran desizyon sila, se pou kouri dèyè rasis k ap fini ak mond lan, sitou nan Brezil.

Prezidan tou nèf brezilyen an, Luiz Inacio Lula da Silva, deklare madi 21 mas la nan kapital peyi a Brazilia: «Rasis se rasin tout inegalite, se poutèt sa, nou dwe konbat li tankou vèmin nan yon plantasyon.» Yon diskou ki fèt nan kad dekrè gouvènman an adopte pou enplike plis moun nwa ak metis nan administrasyon peyi a.

PUB

Se konsa, Chèf Leta a siyen dekrè sila ki pral rezève omwen 30% pòs wo nivo nan administrasyon piblik peyi a pou moun nwa ak ras melanje yo, nan objektif pou «ankouraje prezans yo nan pran desizyon. ak pozisyon yo dwe jwenn pou patisipe nan jesyon peyi a, sa k ap kouri dèyè rasis.» Se sa nou li nan yon nòt ki sòti nan men gouvènman an.

Prezidan lagoch la ki te re-eli 30 oktòb 2022 pase a, aprè 4 lane pouvwa Jair Bolsonaro a, ki se li menm yon ekstrèm dwat, te gen akonpayman minis ki la pou egalite ras yo, Anielle Franco, ki se yon chanpyon nan batay kont rasis ak vyolans lapolis sou moun nwa ak metis (moun ki gen plizyè orijin parantal).

Pou prezidan Lula, rive redwi inegalite sosyal nan peyi Brezil parèt esansyèl, o pwen sa ap ranfòse konsiderableman demokrasi peyi a, pandan l ap tou afebli ekstrèm povrete.

Lula ki te kòmanse 3èm manda li a 1e janvye 2023 nan peyi Brezil, ki gen 213 milyon moun, pwomèt gouvènman li a ap reflete reyalite sosyete brezilyen an, ki se lajman moun nwa ak ras melanje. Li kwè tou san okenn diskriminasyon rasyal ak sèks ap gen demokrasi. Objektif 30% sa a ki anonse a, dwe reyalize nan fen 2025.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...