Ofisye yo te itilize gaz lakrimojèn pou dispèse manifestan yo, kèk ladan yo te mete dife nan poubèl yo e yo te voye wòch ak boutèy sou ofisye lapolis yo.
Plis pase 100 moun yo te arete lendi sa a, nan kapital fransè a, apre afwontman ak lapolis nan yon nouvo manifestasyon kont apwobasyon refòm pansyon an ankouraje pa Gouvènman Prezidan Emmanuel Macron.

PUB

Dapre rapò medya lokal yo, yon manifestasyon lapè te mennen nan eklatman ak inifòm yo apre yo te rejte yon mosyon non konfyans kont gouvènman Macron nan Asanble Nasyonal fransè a. Mosyon an te sipòte pa 278 vòt e li te bezwen nèf plis pou yo aksepte.

Pati Regwoupman Nasyonal te prezante tou yon mosyon non konfyans ki te resevwa sèlman 94 vòt anfavè e ki pa t kapab adopte tou.

Nan afwontman yo, manifestan yo mete dife nan bwat fatra epi yo voye wòch ak boutèy sou ofisye lapolis yo. Bò kote pa yo, ofisye yo te itilize gaz lakrimojèn pou dispèse foul la.

Nan lòt vil, te gen tou manifestasyon kont gouvènman peyi a, plizyè nan yo te make pa afwontman ak Lapolis.

Refòm pansyon an, ki te prezante le 10 janvye a, prevwa yon ogmantasyon nan laj pou pran retrèt apati 1ye septanm 2023, jiskaske li rive nan 64 an nan lane 2030.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar