Pou pi piti 531 moun asasine, 300 blese ak 277 lòt kidnape an Ayiti depi kòmansman ane 2023, pou rive 22 mas 2023 a. Majorite zak kriminèl sa yo anrejistre nan Pòtoprens, kapital peyi a, daprè yon rapò Biwo wo Komisè Nasyonzini pou dwa moun pibliye.

Gang yo pa sispann teworize popilasyon Ayisyèn nan. Tousuit aprè rapò wo konsèy Nasyonzini pou dwa moun nan, pandan sware 20 mas la gang kraze baryè Vitelhomme ap dirije a touye anviwon 12 moun epi boule yo selon sa radio metronome rapòte.

Jounalis vèdèt jounal lenouvelliste Ayiti ekri pou di genyen plis sivil ki mouri Ayiti ke Peyi Ikrèn ki nan gè ak Larisi.

Èske kominote entènasyonal la kote anpil peyi di y ap sipòte Ayiti se pa nan betiz y ap pase Ayiti ki li menm nan istwa li souvan kanpe pou ride peyi ki nesesite èd?

Sadrax ULYSSE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....