Prezidan Asosiyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen (ANAMAH) yo, Jij Jean Wilner Morin, lanse yon manda entènasyonal ralemennen vini lendi 27 mas 2023 a, kont ansyen directè Biwo Monetizasyon Pwogram Èd ak Devlopman (BMPAD), Patrick Norame pou Blanchiman ak detounman lajan Leta selon yon Rapò Inite Santral Ransèyman Ekonomik ak Finansyè (UCREF) mete deyò lendi 27 Mas 2023 a.

Selon Rapò UCREF voye bay pakè pòtoprens lan, ansyen Direktè jeneral BMPAD la, Patrick Norame ta patisipe nan yon vas koripsyon. Daprè rapò a, Patrick Norame itilize fon piblik la pou ta bay antrepriz P-JIMEX yo kise: Eveline Delima ak Lunie Elsie Chery. Rapò a presize tou, DG a ta itilize non konpayi Research Center e Magasin La difference pou fè wout kwochi ak lajan Leta.

Parapò ak tout eskandal koripsyon sa yo, Jij enstriksyon Jean Wilner Morin lanse yon manda arestasyon Entènasyonal kont ansyen DG BMPAD la Patrick Norame.

Nan pasaj DG a, Patrick Norame itilize biwo a pou bay privilèj ak zanmitay palmantè ak manm pouvwa Tranzisyon Jocelerme Privert a. Raple, nan yon rapò ULCC te voye bay lajistis nan Dawout 2021 ki di Patrick Norame detounen 124 milyon goud lajan diri Japon te fè kado ak peyi Dayiti. Rapò a di tou, se depi nan debake pwodui yo Leta Ayisyen pèdi diri pou 405 mil goud.

N ap fè remake selon lwa peyi Ayiti, tout moun k ap pratike koripsyon, blanchiman lajan, finanse zak teworis ak detounman lajan piblik pini pa lwa 12 me 2014 e 28 septanm 2016 la.

Washington FLORVIL, Centre A La Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841