Soti 7 pou rive 9 avril 2023, atlèt ayisyen yo te rann yo nan peyi Bahamas pou patisipe nan 50yèm edisyon jwèt Carifta pou kategori U17 ak U20 fanm ak gason. Delegasyon ayisyen an te genyen sèt (7) atlèt fi ak senk (5) atlèt gason, ki bay yon total douz ( 12) atlèt ki te patisipe. Pami diferan patisipan yo Victoria Guerrier ki te nan eprèv 800m fi gategori U20 ranpòte yon meday bwonz nan konpetisyon an pou Ayiti.

Victoria Guerrier ki te nan eprèv 800 mèt fi yo te ranpòte meday bwonz lan ak yon pèfòmas ki repati konsa: 2:11.99 ,2 minit 11segond, 99 tyès.

Youn nan responsab federasyon an Centre à la UNE te kontakte rapòte Ayiti ap prezan nan Repiblik Dominikèn presizeman nan vil Santiago pou l patisipe nan NACAC-champions league- U-13 ak U-15 ki pral dewoule 15 ak 16 jiyè 2023 a.

Nan nivo nasyonal, FHAA planifye pou òganize yon aktivite pou jèn atlèt nan okazyon jounen mondyal « kids athletics » ki se 7 me ki ap vini laa pou kategori U-13 ak U-14.

N ap siyale jwèt Asosyasyon Lib Echanj Karayib la (Carifta Games) se yon konpetisyon atletism ki òganize chak ane pou jèn moun nan Karayib la. Yo fèl pou jèn atlèt ki gen laj 14 a 19 ki soti nan 27 peyi oswa teritwa diferan kote konpetisyon an dewoule youn kont lòt.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841