Konsekans politik yo an Ayiti pa sispann brase bil peyi a nan tout sektè, menm foutbòl la pa epanye

Se avèk anpil etonman peyi Ayiti leve jwenn Konfederasyon Amerik di Nò, Amerik Santral ak Karayib la (CONCACAF) anonse nan dat vandredi 21 avril 2023 a, yo mete deyò tout klèb ki fè pati foutbòl Ayisyen an deyò nan tout konpetisyon Concacaf pral òganize pou sezon 2023-2024 la : (Caribbean Cup, Championnat Club Caraïbe Concacaf, Ligue Concacaf et championnat CFU…)

«Konsèy Concacaf la ratifye desizyon sila sou klèb Ayisyen yo ki p ap kapab patisipe nan pwochen Konpetisyon Klèb Concacaf yo pou sezon 2023/2024 la.» Se sa yo pibliye nan yon nòt ofisyèl sou sit CONCACAF la.

Responsab yo pran desizyon sa a se paske lig Ayisyen an «La Commission d’Organisation du Championnat Haïtien de Football Professionnel (COCHAFOP)» pa t kòmanse okenn aktivite foutbòl pou lane 2022 a, e li poko rekòmanse chanpyona a, kidonk, pa gen okenn ekip ki te rive kalifye pou patisipe nan chanpyona CONCACAF yo, anplis lòt kondisyon pou lisans klèb yo ki pa rive finalize.

N ap raple, se Leta Ayisyen, atravè ansyen prezidan Jovenel Moïse, nan nan dat vandredi 04 jwen 2021, ki te bloke «Championnat Haitien de Football Professionnel (CHFP)» a, sou pretèks te gen maladi Kovid-19 ki t ap ravaje Ayiti, fòk gouvènman an te aplike distansiyasyon sosyal ant manm popilasyon an.

Lèt FHF te mete deyò 4 jwen 2021 pou anonse tout chanpyona yo kanpe an AYITI.

Poutan, pandan foutbòl Ayisyen pa sispann fè bak, Repiblik Dominikèn se youn nan egzanp vivan nan zòn nan ki pran yon plas anplis nan konpetisyon an, ki baze sou pèfòmans klèb yo nan senk (5) dènye edisyon ki sot pase la yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...