Nan yon nòt pou laprès ki soti lendi 24 avril 2023 a, Rezo Nasyonal k ap defann Dwa Moun yo RNDDH fè konnen anba vyolans tèrib bandi ame yo fè sou popilasyon Sous Matla la a, genyen pou pi piti 100 moun ki pèdi lavi yo, pami yo 3 ti bebe ki nwaye nan lanmè.

Depi kòmansman fen semèn nan, moun k ap viv nan rantre Nò kapital Pòtoprens lan konnen yon moman difisil sitou sila yo ki nan Kabarè, Sous Matla, Titanyen, Akayè…. kote bandi ak zam anvayi yo, touye plizyè nan yo epi mete dife nan kay yo.

Selon nòt sa «RNDDH» mete deyò lendi 24 Avril 2023 a, non sèlman yo fè konnen pou pi piti yon santèn (100) moun mouri anba bal gang yo, pami yo 3 ti bebe, men tou gen plizyè kay ki boule ak divès sitwayen ki oblije kouri kite lakay yo pou gang pa retire lavi yo.

Menm lendi 24 Avril 2023 a nan Pòtoprens, plizyè dizèn sivil ame mele ak kèk sitwayen nan popilasyon rive mouri, pami yo yon ti bis ki te pote anviwon 14 nèg ame rive mouri ak kout wòch, manchèt epi mete dife, aprè lapolis te fin kanpe machin yo te ye a epi verifye sa yo pote, se la ajan PNH yo t ap al dekouvri plizyè zam nan machin sila, sa ki te vin soulve kòlè popilasyon an ki t ap al bay prezime bandi sa yo viza pou al vizite Anel ak Timakak devan bawon.

Menm sitiyasyon sila te pouse pèp nan Kanapevè, Tijo ak lòt zòn avwazinant yo ta lanse yon operasyon chache gang kote yo te rive lapide plizyè lòt. Paralèlman, gen plizyè moun ki mouri nan Petyonvil zòn fò Jak.

Toujou nan sa ki gen pou wè ak gang nan Pòtòprens, selon jounalis Guerier Henry nan emisyon Boukante Lapawòl lendi 24 Avril 2023 a, gang ki t ap opere nan Laboul la tout moun konnen sou non gang Timakak, pèdi 118 sòlda, pami yo chèf twoup la Timakak. Li kontinye pou li fè konnen gang sa a tou kraze aprè operasyon polisyè sa.

Pou yon rapò Nasyonzini, soti 1e janvier pou rive 31 mas 2023 a, gen plis pase 21% ka omisid an Ayiti.Trimès pase a te gen 673 ka, pou trimès sa a genyen 815. Anplis, genyen plis pase 63% ka kidnapin, ki pase de 391 ak 637 ka. Sityasyon sa yo tèlman difisil, Nasyonzini prezante ensekirite Pòtoprens lan tankou yon peyi ki nan lagè.

Selon plizyè moun k ap obsève, yo mande èske se volonte lapolis pa genyen pou goumen ak gang yo oubyen se mwayen ak lòd responsab yo pa bay, lè yo konsidere enèji divès inite nan lapolis la mete deyò pou kwaze gang Timakak la?

Pi lwen, moun sa yo mande kilè lapolis la pral mobilize pou Matisan, Kwadèboukè, Kanaran, Savyen ak chèf gang Vitelòm ki achte divès zòn nan Pòtoprens lajan kontan, menm katye kote inik chèf peyi a ki se Dr Ariel Henry abite pa epanye.

Ofinal, èske rezoud pwoblèm ensekirite a pa priyorite otorite Ayisyèn yo ?

JOSEPH Cenès, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841