Humberto Martínez e Luis Humberto Vargas de (2) ekonomis Dominiken sa yo pwopoze bank santral Dominiken ak Ayiti pou twouve yon akò pou rann peso Dominiken an lib sou mache Ayisyen an koz goud la ki ap pèdi valè chak jou ki pase.

Nan emisyon « Encuertro Económio ». Ekonomis Luis Humberto Vargas deklare se pèditan lè nap eseye sove goud Ayisyen an k ap devalye chak jou. Pandan, tout transaksyon Ayisyen yo fèt an peso Dominiken ak Dola.

Pou ekonomis Humberto Martínez, peso Dominiken an pa lib sou teritwa Ayisyen men li deja ap sikile, sitou sou fwontyè Ayisyen ak Dominiken yo, tout apwovizyonman bank yo se an peso yo fèt. Dajàbon, Malpas, Ansapit ak Elias pinas.

Donk, goud la kap pèdi valè a se popilasyon an kap vin pi pòv pan gwoup ap sere Dola ki disponib yo selon Ekonomis Vargas.

Nap raple, pou bank santral Ayiti a, selon deklarasyon gouvènè Jean Badin Dubois, nan trèzyèm edisyon somè entènasyonal finans lan jou kite 17 Avril 2023 a. Sistèm finansyè Ayisyen an ap mache trè byen. Depozan ak envestisè yo mèt rete tèt frèt pandan setan, kliyantèl la ap mache toutouni pou al chache retrè dola sou kanè yo. Eske sa vledi sistèm finansyè Ayisyen pa kreye pou moun ki gen kont yo oubyen èske se yon sistèm ki la pou vann dola ak achte obligasyon nan bank santral?

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841