Madi 25 a mèkredi 26 avril 2023 a, se te 2 gwo jounen tansyon nan vil Savanèt, kote élèv lise Jean Pierre Louis yo te pran lari, fèy bwa nan men, y ap chante pou manifeste mekontantman yo fas ak jan Leta Ayisyen, atravè ògàn Ministè Ledikasyon Nasyonal, pa bay okenn enpòtans ak elèv ki nan lekòl Leta yo.

Elèv yo revandike pou pwofesè ki pa travay ak yo, puiske chak jou ki jou, yo leve, abiye, ale nan lokal pou swadizan di yo al lekòl, poutan se tan y al pèdi. Yo pa janm ka rive jwenn pwofesè depi plis pase twa semèn, alòske yo pa jwenn pèsonn pou di yo ki sa yo pote pou vann.

San konnen pou konbyen jou yo nan lari a, elèv yo ki jwenn ranfò lekòl nasyonal yo mache nan direksyon chak lekòl prive yo e mande direksyon yo pou voye lakay yo tout klas segondè nan lojik ke yo menm elèv lise paka nan lari epi pou lòt elèv segondè ap travay.

Se sitou elèv nouvo segondè 4 yo ki plis motive nan kad mouvman sa a, puiske yo di yo pral sibi egzamen final yo menm jan ak tout lòt elèv, e Leta p ap bay egzamen diferan. Nan ka sa a, yo di pèn yon gwoup elèv se ta dwe pèn tout elèv.

»Men tout lekòl ap travay, nou menm nou nan lari, nou gen dwa pou nou manifeste.» Se konsa Aprenan yo t ap chante pou mache atake lekòl prive yo nan vil Savanèt.

Mouvman sila ki te vin enfliyanse, vire an dyèl kote elèv yo ki te melanje ak lòt sivil te kòmanse simaye kout wòch sou lokal lekòl kay mè yo. Sa ki ta pral kreye yon sitiyasyon panik nan tout vil la. Lòt direksyon lekòl yo, pa mezi de prekosyon e an siy solidarite, te lage tout klas, voye tout elèv lakay yo.

Sitiyasyon sa a kòz lekòl pa fonksyone Savanèt jounen mèkredi 26 avril la, paske elèv lise Jean Pierre Louis yo te pran lari ankò pou verifye si gen lekòl k ap fonksyone pandan yo menm yo pa ka jwenn kou yo.

N ap note, pwofesè ki fè kou nan lise JPLS yo pa al travay non plis, paske y ap obsève modòd grèv manch long Platfòm Sendika Anseyan yo lanse nan tout peyi a.

Lise Jean Pierre Louis ki pa t ap byen fonksyone depi avan, vin pi mal toujou akòz pa gen prezans men yon (1) pwofesè nan sal klas yo pou moman sa yo.
Elèv yo k ap manifeste nan lari a pa jwenn akonpayman lapolis, byenke yo te mande lapolis pou li prezan ak yo nan mouvman y ap revandike a.

N ap raple, lokal lise Jean Pierre Louis Savanette la pa nan sant vil la. W ap bezwen 30 minit anviwon ap mache a pye pou w sòti nan vil la pou rive nan lise a, ki plase nan abitasyon Wòy, dezyèm seksyon Layay. Majorite elèv ki frekante lise sa a pa soti nan sant vil. Pi fò nan yo mache plis pase 120 minit chak maten sòti lakay yo pou rive nan lise a, alòske pi souvan depi li fè 9 vè nan maten, elèv sa yo gentan nan wout pou retounen lakay yo paske yo pa jwenn pwofesè.

Sitiyasyon Elèv Lise Jean Pierre Louis nan Savanèt depase konpetans ni manm direksyon yo, ni enspeksyon eskolè a, ni otorite lokal yo. Si Leta ayisyen pa mwayen ministè Levasyon nasyonal pa aji prese prese pou remete lise sa a kanpe tankou yon kote ki plase pou bay pen lenstriksyon.

Florince Fragile, centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841