Nan yon nòt pou laprès biwo kominikasyon Ministè Ledikasyon Nasyonal ak fòmasyon Pwofesyonèl mete deyò mèkredi 26 avril 2023 a, responsab yo fè konnen chèk « mwa mas » anseyan yo deja distribiye nan tout 10 depatman peyi a.

Nan nòt sa a, MENFP anonse tou li deja gen yon ekip ki regwoupe plis pase 700 anseyan titilè ak estajyè, ki mobilize pou bay kou ratrapaj e pèmèt yo konble vid ki gen nan aprantisaj elèv 9èm ane ak NS4 yo, k ap kòmanse apati madi 2 me k ap vini la a.

Yo pran desizyon sila, se yon fason pou yo ede konble vid ak difikilte elèv ki kandida pou egzamen ofisyèl yo k ap fè fas ak divès kategori pwoblèm, ki anpeche ane eskolè a reyalize nan zòn difisil yo. Sa pral pèmèt yo ede elèv yo prepare reyisit yo.

Se Minis Ledikasyon Nasyonal la menm, Pwofesè Nesmy Manigat, ki fè anons sila nan yon konferans pou laprès li bay jounen mèkredi 26 avril 2023 a. Konferans sa ki fèt sou pwosesis resansman etablisman eskolè yo sou tout tèritwa peyi Ayiti epi lansman enskripsyon an liy pou kandida 9èm ane fondamantal yo sou tout bout tè papa Desalin nan.

Minis la motive tout Direktè lekòl ki poko deklare lekòl yo, pou yo fè sa nan yon delè ki trè kout, paske operasyon an ap pral fini vandredi 28 avril 2023 a. Se lekòl ki deklare egzistans yo anliy k ap otorize pou enskri elèv nan egzamen ofisyèl.

Pou sa ki konsène mouvman grèv anseyan lekòl piblik yo, minis MANIGAT fè konnen se dwa anseyan yo pou yo manifeste alòske minis la entèrese ak revandikasyon ki ka rezoud rapid. Selon minis la, sendika anseyan yo mande yon ogmantasyon salè 400%. Yon lòt bò, se dwa elèv yo genyen tou pou yo manifèste mande pwofesè nan sal klas yo. E leta dwe respekte dwa yo.

Minis MANIGAT fè konnen nan mwens pase 2 mwa, lekòl pral fèmen, li parèt plis pase yon ijans pou elèv ki pral nan egzamen ofisyèl yo jwenn akonpayman yo merite, pou yo ka reyisi egzamen ofisyèl yo. Deja pral gen kou kap dispanse sou frekans Radio Éducative ak lòt estasyon radyo ak televizyon nan peyi a pou konplete aprantisaj prezansyèl elèv yo daprè Minis Edikasyon an Nesmy MANIGAT.

Mesaj minis la sou koze pwogram nan televizyon ak radyo a vrèman enpòtan pou aprantisaj timoun yo, kesyon k ap poze èske gen kouran ak materyèl disponib pou mesaj sa a rive nan zorèy sila yo ki nan zòn ki pi rekile yo ?

FLORINCE FRAGILE, CENTRE À LA UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841