Asosiyasyon Pwofesyonèl Bank (APB) an Ayiti yo fè kliyantèl bank kòmèsyal yo konnen gen yon rate dola sou mache bankè a fas ak ensifizans depo dola nan sektè a. Yo di sa nan yon kominike ki date 26 avril 2023, aprè plizyè manm nan popilasyon an te pran desizyon pou bloke divès sikisal nan tout peyi a. Pou Asosiyasyon an, ensifizans dola sa sòti depi nan sistèm ranflouman bank santral Ayisyen an.

Asosiyasyon Bank yo tante klarifye sitiyasyon an, lè li di kliyantèl la ka konprann se yo ki pa vle bay dola a, alòske se pa vre ditou. Yo presize se ta prèske wòl entèmedyè bank kòmèsyal yo jwe menm jan ak Ajan echanj, biwo transfè yo elatriye… anplis, bank kòmèsyal yo dwe respekte sikilè 81-5 lan ki bay kondisyon pou yon bank ka pratike sèvis echanj.

Sikilè 81-5 lan defini klèman kondisyon echanj bank kòmèsyal yo, ki enpoze yon rasyo maksimal sou fon pwòp 0,5%. Tout eksè ki ta genyen sou rasyo sa ap achte ak to referans jou demen an pa bank santral. Pa gen okenn bank k ap ka itilize fon sa pou fè espekilasyon monè ak yo.

APB anvanse pou di nan nòt la, se sèlman 200 milyon dola sistèm finansyè a genyen nan dispozisyon li chak mwa, nan 342 milyon dola Ameriken ki disponib pou mache chanj lan. 242 milyon pou biwo transfè yo, 100 milyon pou antrepriz ekspòtasyon yo.

Yon lòt kote, Asosiyasyon pwofesyonèl bank yo fè konnen, vitès ki genyen nan depresiyasyon goud Ayisyen an pa depann de sistèm bankè Ayisyen an men pito,se sitiyasyon sosyo politik aktyèl la ki lage yon dezekilib nan administrasyon piblik la sa ke Ministè Ekonomi ak Finans te deja admèt

Pou pwofesyonèl bank yo, konsta yo klèman defini, bidjè 2018 la presizeman, 30 septanm, konnen yon defisi 25 milya goud. Nan 4 mwa aprè li ogmante a 10 milya goud swa 35 milya goud. Kote finansman bank santral to 0% enterè. Ki vin bay yon konsekans nan 6 dènye mwa sa yo kote to depresiyasyon goud la pase a 40% sou yon baz anyèl.

Kidonk, pou frenen depresiyasyon goud Ayisyen an, se prensip fiskal yo pou responsab yo respekte, ak pran mezi pou frennen defisi nan finans piblik la.

Èske se pwogram imanitè Etazini an ki lakòz rezèv dola a bese oubyen Leta Ayisyen pa konnen depi yon peyi ap plede mande bank santral finansman, l ap kondui ak yon depresiyasyon nan kòb lokal la rapid? Ou byen tou, èske rate dola a pa plis politik nan plas ekonomik la, jan APB ta fè kwè li a ?

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841