2 gwo lidè chèf gang mouri, prèske 150 bandi bwè dlo bouch yo nan divès depatman, plizyè baz gang demantle, anpil bandi nan mawon, zewo ka kidnaping anrejistre. Se bilan pasyèl semèn sa a ki pratikman mete anpil kouri nan kan bandi yo an Ayiti

Yon latriye manm nan popilasyon Latibonit la patikilyèman nan zòn Lestè, akonpaye fòs lòd yo (lapolis) nan jounen jedi 27 avril 2023 a; yo debake epi sabote baz gang yo rele «Kokorat San Ras» la. Ansanm, yo kouri dèyè bandi yo ki pran lafwit, yo pran katouch ak anpil lòt materyèl yo jwenn epi yo boule baz kokorat yo ra pye tè.

Paralèlman, toujou jounen jedi a, plizyè sous anonse dezyèm lidè gang «400 Mawozo» a, Gaspiyay, ki gen bon non li Stephenson Jermaine ak yon maladi. Yon nouvèl ki ogmante jwa popilasyon Ayisyèn nan, aprè divès lòt bandi ki tonbe debi semèn nan. Pami sous ki konfime nouvèl la genyen John Colem Morvan. Pa ko gen moun ki konnen kijan Gaspiyay fè mouri a, men pou divès sous, se ta yon maladi.

Menm jounen jedi a, Elize Amarald Thomas ak Charles Richard, ki se non 2 prezime bandi ki sòti Granravin nan Pòtoprens, Komisè Gouvènman Jean Ernest Muscadin, nan tèt kole ak popilasyon an, blese yo mòtèlman nan komin Miragwàn.

Pi lwen, mèkredi 26 avril 2023 a divès abitan nan zòn Débussy ak La Grotte ki twouve yo nan Pòtoprens, fè konnen popilasyon an boule 8 prezime bandi. Toujou daprè rezidan sa yo, bandi ame sa yo te vini pou sènen katye yo a, alòske yo toujou klè sou sa, pa gen kote pou bandi vin taye banda nan zòn pa yo a.

Toujou menm mèkredi a, nan Marigo ki se yon komin nan awondisman Jakmèl nan depatman Sidès Ayiti, popilasyon an t ap chache kou chyen fou 2 prezime bandi ki chape anba men yo, aprè yo te fin touye ak wòch youn (1) ladan yo. Moun yo di yo jwenn yon tatou sou kò youn ladan yo pou gang Timakak la, se sa jounal «Dèyè Mòn Enfo» te pibliye menm mèkredi a.

Toujou nan sa ki gen pou wè ak koze chache bandi a, popilasyon an nan Tomasen 48 nan Pòtoprens an Ayiti, rache epi boule pou pi piti 4 prezime bandi madi maten 25 avril 2023 a. Kote yon lòt pa, g on videyo ki t ap sikile sou rezo sosyal yo, ki montre yon gwoup jèn gason k ap file manchèt yo pou fè fas kare ak bandi k ap teyorize yo sa fè lontan.

Youn nan mouvman ki ta pral declanche lòt yo, se aprè lapolis Ayiti te arete yon ti bis ki te gen plis pase yon dizèn nèg ak gwo zam ladan l jounen lendi 24 avril 2023 a nan zòn Kanapevè nan Pòtoprens. Popilasyon an ki te an kolè, te pwofite pran nèg ak zam yo ki te nan bis la nan men polisye yo, lapide yo (touye yo ak kout wòch), kout manchèt, mete kawotchou ak gaz epi ba yo dife.

Se menm lendi sa a nan aswè, nan emisyon li sou radyo Mega ki gen pou tit “Boukante Lapawòl,” jounalis Guerrier Henry ta pral deklare gang Timakak la ki t ap opere nan Laboul an Ayiti, konplètman demantle. Puiske genyen anviwon 118 manb Gang Timak la ki pèdi lavi yo.

N ap raple, aprè li fin pale ak yon gwo otorite nan peyi Ayiti, jounalis Daly Valet te di li konfime a 99% chèf gang yo rele Timakak la, ki t ap opere nan Laboul, mouri. Jounalis la di rès 1% an li kite li pou pridans. Nan dènye operasyon lapolis te mennen nan zòn nan, Timakak te soti blese grav. Se samdi 22 avril 2023 a Daly te pibliye enfòmasyon an sou kont ofisyèl li.

Paralèlman, divès lòt bandi arete, anpil lòt nan mawon epi popilasyon boule rapyetè kay tout Kokorat San Ras yo ki, pou jounen jedi 27 avril 2023 a, pran lafwit nan divès lòt zòn anba presyon lapolis ak popilasyon an nan Lestè depatman Latibonit an Ayiti.

N ap note, depi aprè eklatman mouvman sa a popilasyon an rele «Bwa Kale» a, konsta yo revele pa gen menm yon ka kidnaping ki anrejistre nan Pòtoprens pou semèn nan.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...