Jounen vandredi 28 avril 2023 a sou paj ofisyèl UNICEF la, responsab yo anonse yo distribiye gaz bay plizyè estrikti sanitè nan peyi a, k ap fè fas ak gwo difikilte pou byen jere pasyan yo.

Gaz sa yo distribiye, se nan sousi pou yo ranfòse disponiblite elektrisite a, asire bon fonksyonman ekipman yo ak sèvis pou pèmèt 21 400 timoun ak fanm jwenn swen sante.

N ap fè konnen, kriz gaz peyi Ayiti ap konnen depi plis pase yon lane a redui fonksyonman divès lopital nan payi a, se pou sa UNICEF deside akonpaye kèk lopital nan kad misyon li.

Washington FLORVIL, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841