Plizyè kliyan Unibank an Ayiti sakaje samdi 29 avril 2023 a sikisal ki nan ri Darguin ki nan Petyonvil la, aprè kliyan yo te vin chache lajan yo, alòske responsab yo fè yo konnen pa gen dola ameriken. Selon temwayaj kliyan sa yo, bank lan pran plezi ba yo manti nan di pa gen dola.

Koze bank pa vle bay dola sa a an Ayiti pa repete yon sèl kote. Tou resamman nan vil Okay pandan mwa avril 2023 a, plizyè kliyan Unibank bloke tout kès yo pandan y ap reklame pou bank lan ba yo lajan yo an dola. Kliyan yo te fè konnen yo pa vin pran lajan sou kont goud yo se sou kont dola yo vin fè retrè, konsa bank lan dwe kale yo lajan yo an dola.

Kliyan bank yo, patikilyèman, Sogebank, Unibank ak BNC, pa sispann plenyen nan tout rakwen peyi Ayiti, paske bank yo derefize ba yo dola. Sitwayen an depoze dola li sou kont kont lan, li pa t mete goud, ebyen lè l bezwen fè tranzaksyon an, bank lan enpoze l yon to epi si li vle, la pran kòb la an goud, sa se « la grande mode ».

Paralèlman, aprè dirijan bank sa yo santi sitwayen yo vle brize osnon bloke divès sikisal nan bank yo pou kesyon dola a, nan yon nòt pou laprès Asosiyasyon Pwofesyonèl Bank yo te mete deyò 26 avril 2023 a, yo te fè gran piblik la konnen se Bank Repiblik Ayiti (BRH) ki pa gen dola ameriken ki lakòz yo pa gen dola a. Nan nòt la, yo te bay plizyè posiblite pou kliyan jwenn sèvis ki lye ak dola a.

Sa pa gen anpil tan depi pwoblèm dola a vin tounen yon kaskèt chinwa pou sitwayen yo. Demach sa yo pral kòmanse aprè ansyen prezidan Jovenel Moïse te òdone mezon transfè peye sèlman an goud, poutan si yon sitwayen genyen kanè nan youn nan bank yo, l ap kapab jwenn dola a. Se sa ki ta pral pouse anpil nan sitwayen yo al louvri nouvo kont an dola.

N ap fè konnen, pandan an Ayiti dola ameriken se yon liks, fè yon kout pye kay vwazen an (Repiblik Dominikèn) san bri, ni kont, sitwayen an antre nan nenpòt mezon transfè osnon nenpòt bank, li resevwa lajan l an dola oubyen an peso.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841