Jounen lendi 1e me 2023 a nan komin Beladè kalite Kwafè, Òganizanisyon Tèt Kole ti Peyizan reyini plizè òganizasyon ki soti nan divès lokalite, pou selebre gran jou sa ki se fèt travay ak agrikilti. Yon aktivite ki fèt an prezans responsab Lajistis yo ak plizyè notab nan komin nan.

Nan kad menm okazyon sila, responsab an chèf Tèt Kole ti Peyizan yo, reveran pè Fred Elie, mande ak otorite yo sitou nan ministè Lakilti, pou yo pran responsabilite yo anvè popilasyon an k ap soufri de yon kantite pwoblèm ki lye ak kilti latè a.

Yon lòt kote, pè Fredy mande ak tout jèn Ayisyen k ap pati kite peyi a, pou yo pran konsyans Ayiti bezwen anpil jèn konsekans pou patisipe nan devlopman li, paske tout peyi ki vize yon meyè nivo devlopman, yo sèvis anpil ak jèn yo kòm resous Imèn.

Responsab Tèt Kole ti Peyizan, Momprun Elie, fè konnen peyizan yo lage pou kont yo, e puiske pa gen dirijan nan peyi a k ap voye je sou yo, li rete ak yo peyizan ki dwe pran responsabilite yo an men, nan sousi pou travay e rive pran swen fanmi yo kòm sa dwa.

N ap fè remake, se pa sèlman peyizan yo nan lokalite Kwafè ki dwe pran responsablite yo nan peyi a, paske Leta Ayisyen pratikman bliye egzistans tout Mas defavorize peyi a. Se pou sa, li ta dwe tounen yon obligasyon, menm janm Leta bliye peyizan, yo menm tou ta dwe bliye si g on Leta ki egziste an Ayiti epi kontinye lite pou viv chak jou ki jou.

Wisnic Rondeau, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841