Nan yon konferans pou laprès yo bay nan vil Ench madi 02 me 2023 a, alye HCT yo pou mande kontinite aplikasyon akò 21 desanm nan.

13 kòdonatè kominal endepandan ki soti nan osyete sivil la, ki fòme ak reprezantan diferan estrikti òganize atravè depatman Sant ki la pou ede fasilite akò 21 desanm nan, di yo gen gwo kè kase pou fason zak vyolans yo ap kontinye prodwi anndan peyi a nan dènye tan sa yo.

Komisyon an denonse lantè dirijan HCT yo nan kad aplikasyon pwen sa ki nan akò 21 desanm nan, tankou Fowòm sou sekirite a ak Kreyasyon ògàn kontwol la.

Komisyon sa ki gen nan tèt li Pwofèsè Claudi JEAN, ki te rankontre ak laprès jounen maten a, ankouraje dirijan HCT yo ak tout gouvènman an pou yo travay pou rive jwenn yon pi bon fòmil pou rezoud pwoblèm ki gen nan peyi a epi evite anpil inosan tonbe nan plas koupab yo.

Pwoblèm peyi a ki trè konplèks p ap ka rezoud nan eksklizyon, e se pa etranje k ap vin rezoud li pou nou, daprè komisyon an ki plede anfavè yon vrè inite bò kote tout sektè, pou bay peyi a yon lòt direksyon; pou nou rive òganize bon jan eleksyon e dote peyi a de dirijan lejitim epi reskonsab.

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841