Jodson Louis alyas Ti Gason ak Djo Montas, se de (2) sitwayen popilasyon Lawòy boule tou vivan nan lokalite Paredon sou yon teren foutbòl; sa pase madi maten 02 me 2023. Yo akize yo kòm moun k ap vòlè bèt abitan yo epi dechèpiye jaden nan seksyon an.

Avan menm yo te boule 2 ti jèn sa yo, popilasyon an te fè yo pale, nan sousi pou site tout lòt moun ki fè pati band vagabondaj la. Se konsa yo te fè konnen gen yon milèt yo apenn vòlò ki nan men yon lòt manb nan ekip la ki rele Ti Jòj, ki abite nan zòn Lawòy de Lwès.

Tou swit, yon delegasyon pami manm popilasyon an te pati dèyè Ti Jòj. Yo sèmante 70 fwa 7 fwa nenpòt kote yo jwenn TiJòj, y ap fè l konn Jòj.

Nan moman sa yo, popilasyon Ayisyèn ki santi yo about anba tout fòm enjistis, lanse yon mouvman rezistans ki gen tit «Bwa Kale», ki vize kraze tout moun ki nan zak vòlè ak kidnapin.

Wisnic Rondeau, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841