Kolektif Ansyen Depite Opozisyon ak Alye yo KADOA nan yon nòt pou laprès ki date 3 me 2023 a, fikse pozisyon li sou mouvman bwa kale a ki ap fè wout li Ayiti, pandan yo profite egzòte divès sektè ak Leta yo estime ki ap toupizi pèp la.

Nan nòt sila a KADOA bat bravo la kontantman pou detèminasyon pèp Ayisyen an ki nan plisyè zòn nan peyi dayiti ki deside mobilize pou konbat gang ak bandi ak zam ki pran peyi a an otaj depi kèk tan.

Kolektif Ansyen depite opozisyon ak Alye yo fè konnen y ap suiv ak anpil atansyon mouvman BWA KALE pèp ayisyen lanse nan tèt kole ak la polis nasyonal dayiti.

KADOA di li kwè mouvman BWA KALE a se rezilta vyolans, kidnapin, vyòl pèp ayisyen an viktim anba men kriminèl ki anpeche sitwayen sikile lib e libè nan pwòp peyi yo.

KADOA kontinye pou di mouvman BWA KALE a se rezilta pwovokasyon gang ak bandi ak zam ki pa sispann toupizi pèp ayisyen an.

KADOA pwofite ekzòte tout lòt sektè ak lòt moun nan peyi dayiti ki pa janm sispann pwovoke kòlè pèp ayisyen an.

KADOA ekzòte tout moun ki nan tèt Leta e ki rele tèt yo otorite pou sispann fè pwovokasyon sou pèp ayisyen an.

KADOA rapousib pou ekzòte tout moun ki responsab zafè eletrisite nan peyi dayiti pou sispann fè pwovokasyon sou pèp ayisyen an yo lage nan fè nwa blakawout 24 sou 24.

KADOA voye yon miz an gad bay tout enstitisyon ak asosyasyon ki okipe zafè bank ak zafè lajan nan peyi dayiti pou sispann fè pwovokasyon sou pèp ayisyen an y ap fè monte le syèl pado nan zafè dola ameriken.

KADOA ap ekzòte tout gwo palto, tout gwo kòmèsan, tout gwo zouzoun pou sispann fè pwovokasyon sou pèp ayisyen an nan monte pri manje ak lòt pwodwi premye nesesite 17 wotè.

KADOA fè konnen nan nòt li a Ayiti se sèl peyi nan yon jounen vandè ak revandèz ka deside mete 40 ak 50 % sou pri yon gode diri.

Pilwen KADOA ekzòte tout gwo enpòtatè gaz ak pwopriyetè Ponp gazolin pou sispann fè pwovokasyon sou sou pèp ayisyen an.

KADOA denonse tout mizè ak kalamite pèp ayisyen kontinye ap andire pou jwenn gaz nan Ponp yo.

KADOA denonse tout konfyolo sèten moun ki nan Leta ki mete tèt ansanm ak enpòtatè epi pwopriyetè ponp pou kontinye fè mache nwa nan pri gaz la.

KADOA ekzòte sektè patwonal ayisyen an pou yo tande revandikasyon pèp ayisyen ki pa janm sispann denonse anpil move pratik sèten aktè nan sektè privé a.

KADOA ekzòte tout moun ki nan tèt Leta a eki kontinye dodo meya nan movèz gouvènans pou chache ranje chita yo devan revandikasyon pèp ayisyen an.

Kolektif Ansyen depite opozisyon ak Alye yo fini pou di yo pa janm ankouraje vyolans. Men, yo toujou ankouraje dyalòg pou rezoud pwoblèm yo.KADOA di li regrèt movèz fwa ak enkapasite dirijan ak elit peyi a ki oblije pèp la aji jan l kapab.

Nòt sila a pote siyati:

Ansyen depite Vikerson Garnier
Kòdonatè KADOA, Ansyen depite Abel Descollines,
Pòt pawòl KADOA

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841