Administrasyon Jeneral Dwàn (AGD) peyi Ayiti anonse yo Kolekte 7 milya 806 milyon 001 mil 780 goud pou premye mwa twazyèm trimès egzèsis fiskal 2022-2023 a.

Resèt fiskal nan Dwàn yo kontinye ogmante yon fason konsiderab fas ak nouvo mezi ak prensip Administrasyon an ap mete. Nan mwa Mas pase a 11 milya 768 milyon 393 mil 830 goud ak 25 santim. Alòske, mwa Avril sa a pase ak yon lòt rekò 7 milya 806 milyon 001 mil 780 goud.

Selon Administrasyon jeneral Dwàn Ayiti a se pou premye fwa Dwàn peyi a kolekte 7 milya goud nan yon mwa Avril. Yon montan ki evalye 2 fwa plis montan resèt Avril 2022 a.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841