Responsab yo nan Òganizasyon Jèn yo pou Devlopman Dirab Bayonè lanse ofisyèlman madi 2 me 2023 a nan wo bayonè, lokalite Kagas anprezans plizyè santèn jèn ak granmoun. Nan kad lansman sa a, divès aktivite te reyalize, tankou: Dans ak remiz plak donè pou jèn seksyon an ki kontribye nan devlopman lokalite yo men ki andeyò peyi a ak plante pye bwa, pou n site sa yo sèlman an.

Kodonatè jeneral òganizasyon jèn yo pou Devlòpman Dirab bayonè (OJDDB) Jhonson Alexis deklare ; objektif yo nan estrikti sa se rive devlope wo Bayonè nan tèt kole ak jèn yo epi granmoun yo pou wè kòman zòn yo ka rive devlope sou tout fòm. prezidan OJDDB a yo fè konnen yo deja genyen yon gwoup pitit seksyon an k ap viv nan plizyè peyi nan mond lan ki deja kòmanse kontribye pou fè Devlòpman Dirab sa y ap pwone a. Li mande ak popilasyon an pou enplike piplis davantaj nan batay la yon fason pou yo ka rive devlope zòn yo nan Bayonè.

Pilwen, nimewo en (1) OJDDB a deklare eslogan yo se Men Ansanm chay pa Lou ki vledi si tout Moun mete tèt yo ansanm, latriye pwoblèm sa yo moun yo ap viv jounen Jodi a kapab reyalize.

Ing. Jhonson Alexis di se sou rezo sosyo yo te egziste nan fè rankont ak manb yo ki jounen rive ateri nan kominote a pou jèn yo ka enplike vrèman nan Devlòpman Dirab wo Bayonè a. Prezidan OJDDB a kwè si jèn yo ak granmoun yo pa enplike pou rezoud pwoblèm lakay yo moun kap vin entèvni yo pap rive fè yon travay Dirab.

Wallace Manassé , kòdonatè kazèk twazyèm seksyon kominal Bayonè komin Gonayiv la ki te prezan nan lansman òganizasyon jèn yo pou Devlòpman Dirab Bayonè (OJDDB)deklare, l ap tann yon rezilta pozitif aprè lansman sa a, kotel di wout la se yon eleman ki priyote nan kad misyon komite Direktwa òganizasyon sila. Genyen manb fondatè OJDDB a Agwonòm wallasse manassé mande ak jèn yo pou kolabore ak yo pou sove wo Bayonè.

Administratè 3èm seksyon kominal Bayonè a pilwen deklare, jèn kou granmoun ap bay kotizasyon yo chak mwa nan sousi pou wè kòman yo ka rive manyen wout wo Bayonè a ki twouvel nan yon eta kritike. Li remèsye jèn yo ki nan entènasyonal la ki kontribye trèfò pou fè Devlòpman lakay yo pou évite fanm ansent yo maladi ki souvan pote sou pòt pafwa lavi yo pèdi pa repete ankò. Li mande ak jèn yo pou vin kontribye pou devlope Bayonè espesyalman wo a.

Pwofesè Anilus kise Konseye OJDDB a deklare, li satisfè anpil de gwo lansman òganizasyon sa ki fèt nan lokalite Kagas 3èm seksyon kominal Bayonè. Konseye OJDDB a te pwofite okazyon an pou enimere divès pwoblèm lidi seksyon an ap konnen tankou: dlo wout,dispansè,lekòl ak mache pou moun k ap vann danre agrikòl yo pou nou site sa yo sèlman an.

Pilwen Mèt Anelus deklare ak òganizasyon sa seksyon an kapab rive jwenn amelyorasyon total nan aksyon yo pral poze pandanl mande ak responsab yo nan Leta ayisyen pou ede yo reyalize seri aktivite sosyal sa yo ki vrèman enpòtan pou lokalite wo Bayonè a.

Nap fè konnen, òganizasyon sila fonde nan dat 26 Oktòb 2020 nan lide pou fè Devlòpman Dirab nan wo Bayonè. Fòk nou di 3èm seksyon kominal Bayonè se yo seksyon ki rich nan pwodwi divès kilti marechè epi pwodwi pistach, mayi,pwakongo ak Pitimi kote divès Machann ki soti nan plizyè depatman andedan peyi a souvan rantre pou al achte rekòt sa yo pou yo ka al revann ak kliyan yo..

Israël CEDIEU, Centre à la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841