Ayiti siyen Plan Kad Koperasyon Nasyonzini Pou Devlopman Dirab 2023-2027 a. Siyati a fèt jedi 20 avril 2023 a nan Otèl Karibe. Plizyè minis gouvènman Ayisyen an ak reprezantan Ajans Onizyèn Ayiti a te prezan nan seremoni sila.  Plan ki pral egzekite pou reponn ak solisyon pwoblèm Ayiti ap fè fas yo.

Dokiman sa Ayiti siyen an ap dire 5 lane, l ap gen pou idantifye pwoblèm peyi a epi aji pou pote solisyon yo. N ap raple, bidjè dokiman sila evalye a 1 149 381 582 dola Ameriken.

Yon lòt kote, Ministè Planifikasyon peyi Ayiti a fè konnen 40% nan bidjè a deja disponib ak gen 21 Ajans Nasyonzini ki deja siyen plan kad sa.

Anpil sitwayen ki enpasyan, di y ap tann kisa dènye aktivite sila a ki vin ogmante sou kantite sa ki te la deja yo pral pote Ayiti.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841