Nan yon nòt biwo ansyen depite Abel Descolines mete deyò jedi 20 avril 2023 a, yo mande Leta Ayisyen ak responsab EDH yo kreye tout mwayen posib pou pèmèt santral idwoelektrik Pelig la kontinye fonksyone, nan objektif pou popilasyon an jere aktivite l ki lye ak itilizasyon kouran an sila.

Ansyen depite Descolines ki t ap pale sou nòt la, fè konnen yo mete nòt la deyò a de nivo : Eksprime prewokipasyon yo epi denonse Direksyon jeneral EDH la ki pa pran anchay divès revandikasyon anplwaye EDH nan santral idwoelektrik Pelig la.

Selon nòt la ak esplikasyon ansyen depite a bay, anplwaye sa yo ki se teknisyen ak ajan sekirite, genyen plis pase 6 mwa depi yo pa touche yon santim, poutan y ap travay nan kondisyon ki trè difisil. Selon sa anplwaye yo esplike depite a, yo deja fè plizyè tantativ ak deplasman, sitou nan Pòtoprens, pou prezante griyèf yo.

Se konsa, anplwaye yo kòmanse yon mouvman revandikatif, bloke wout nasyonal #3 a. Poutan, chak fwa wout nasyonal sila bloke, li gen gwo konsekans sou depatman Nò a, Lwès ak depatman Latibonit ki depann de li, puiske anviwon 80% transpò ki fèt nan gran Nò peyi Ayiti, se atravè plato Santral yo pase, toujou selon nòt la.

Pi lwen, nòt la fè konnen biwo ansyen depite Abel Descolines estime direksyon jeneral EDH pa montre li a wotè, pou evite tout pwoblèm sa yo. Se nan sans sa a yo mete nòt sila deyò, pou gouvènman ak Direksyon EDH kreye tout mwayen posib pou pote yon solisyon ak sitiyasyon an.

Finalman, ansyen depite Descolines fè konnen genyen anpil konsiltan k ap touche gwo lajan nan Direksyon EDH, poutan yo pa bay okenn sèvis pou lajan sa yo y ap touche a. Yo mande pou EDH degaje l kou mèt Janjak, pou pèmèt pèp la jwenn kouran epi pou anplwaye yo kontinye travay.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841