Ajan Direksyon Jeneral Migrasyon Dominikèn (DGM) jwenn lòd madi 19 avril 2023 a pou yo arete 39 Ayisyen prezidan Abinader te entèdi antre Repiblik Dominikèn yo, si yo ta tante antre nan peyi a.

Pòt pawòl Direksyon Jeneral Migrasyon (DGM) repiblik Dominikèn nan, Nelson Gutierez, anonse menmsi okenn nan 39 Ayisyen Luis Abinader sanksyone yo p ap viv sou teritwa Dominiken an, men gouvènman an bay lòd pou arete yo nenpòt kilè yo ta foule tèritwa a.

Daprè pòt pawòl la toujou, depi otorite lajistis Dominikèn yo ta enfòme de prezans youn nan Ayisyen sanksyone sa yo sou tèritwa a, lapolis Dominikèn ap arete l epi fè l tounen Ayiti.

Yon lòt kote, nan yon kòrespondans prezidan Luis Abinader te voye bay Direktè Jeneral Migrasyon an, Venancio Alcántara, nan dat 14 Avril 2023 a, li entèdi antre sou teritwa Dominiken an 39 Ayisyen ki ta prezante yon menas pou enterè ak enstitisyon peyi a.

Pami Ayisyen sanksyone yo nou jwenn: pèsonalite politik, biznisman, ansyen minis, ansyen palmantè, chèf gang ak responsab legliz Episkopal yo.

N ap raple, repiblik Dominikèn pa premye peyi k ap sanksyone divès pèsonalite Ayisyen sa yo. Se peyi Kanada ak Lèzetazini ki te kòmanse.

Washington FLORVIL, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841