Aprè plis pase 5 mwa Blakawout nan Plato Santral akoz pwoblèm dlo selon responsab yo, setou pa anplwaye pelig yo ki deside peze akseleratè a, pou kontinye plonje depateman an ak lòt zòn pelig alimante yo nan plis Blakawout.

Anplwaye santral idwo elektrik pelig yo ki ap revandike pou Leta peye yo 5 mwa li dwe yo, deside bloke fonksyonman santral Pelig la depi madi 19 Avril 2023 a pou egzije Leta Ayisyen peye yo.

Depi anviwon 5 mwa genyen yon Blakawout ki enstale nan depateman an ki lakoz anpil moun ki nan ti biznis glas ak bwason gazez lage 2 bra pandye. Selon responsab EDH yo, se akoz dlo a ki te two ba puiske te genyen sechrès ki rann santral la pa t kapab byen fonksyone.

Pandan peryòd lapli a, yon seri mouvman pwotestasyon te deklanche nan vil Mibalè, pou egzije EDH bay kouran an 24/24 jan sa te ye avan an, kote kèk manm popilasyon an fè konnen yo obsève lak la genyen kantite dlo ki ka pèmèt santral la kontinye mache.

Aprè seri mouvman sa yo, manm nan popilasyon an di yo te kòmanse jwenn kouran an gradyèlman, sa ki vrèman te kòmanse soulaje yo. Malerezman, 2 a 3 jou aprè, popilasyon an tonbe nan Blakawout pirèd, suit ak anplwaye pelig yo ki deside bloke fonksyonman santral la pou fè pase revandikasyon yo.

Yon sitiyasyon popilasyon an fè konnen ki ogmante enkyetid li, puiske se pa dlo ki manke, men se ak leta Ayisyen « sa pa gade m » nan anplwaye yo gen pwoblèm.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841