Peniel Musset Dorce ki se konseye jiridik Brigad k ap pwoteje lè a (BSAP), nan yon rankont ak laprès lendi 17 avril 2023 a, fè konnen ajan BSAP nan komin Laskawobas yo pran reponsabilite yo pou pwoteje anviwonnman. Ajan yo deja reyalize yon jounen netwayaj nan komin nan, kote objektif yo se retire fatra k ap taye banda nan vil la.

Ajan yo fè konnen nan moman popilasyon an ap fè fas ak remonte maladi kolera, yo deside mete yo diaponib pou ede nan kesyon fatra a ak siveyans divès espas ki gen pye bwa, nan sousi pou entèdi sitwayen yo koupe pye bwa yo.

Konseye a ale pi lwen pou fè konnen pi gwo politik yo nan BSAP, se pwoteje anviwonnman an, se pou sa yo mande minis anviwonnman an pou li founi je gade yo epi ba yo bon tretman, pou yo ka fè travay yo kòm sa dwa .

Yon lòt kote, M. Peniel fè konnen y ap tavay di yon fason pou popilasyon an jwenn bon sèvis, pandan yo mande kolaborasyon tout enstitisyon piblik kou prive nan vil la, pou yo kapab bay pi bon sèvis.

Wisnic Rondeau, Centre à UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841