Gouvènè Bank Repiblik Ayiti a, Jean Baden Dubois, mande tout kliyan depozan ak envestisè yo pou rete tèt frèt. Bank sistèm finansyè Ayisyen an pa fè fayit malgre moute ensekirite nan zòn metwopolitèn nan ki lakòz plizyè bank fèmen sikisal nan zòn sila yo. Nan diskou trèzyèm Edisyon Somè Entènasyonal Finans, Lendi 17 Avril 2023 a.

Pou gouvènè a, sistèm finansyè Ayisyen byen malgre zak briganday nan katye metwopolitèn nan. Sa pa anpeche bank yo gen likidite, kredi yo ogmante, baz finansyè yo estab e respekte minimòm bank santral la. Malgre plizyè bank pèdi sikisal tankou BNC, Unibank, Sogebank elatriye.

Yon lòt kote, Gouvènè a mande pou depozan yo kontinye fè konfyans ak sistèm finansyè Ayisyen an nan kontèks ensekirite jeneralize e difisil sa. Kote Bank kredi Suis Silicon Valley Bank (SVB) fè fayit. Malgre agravasyon ensekirite Ayiti a Bank yo egziste.

Donk, eske Fayit bank Amiriken yo pa enkyete Gouvènè Ayisyen an Jean Baden Dubois?

Washington FLORVIL, Centre A La Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841