Nan yon nòt lapolis nasyonal mete deyò ayè lendi 17 Avril 2023 a, yo fè konnen polis nan Ench depateman sant mete anba kòd Yventz Stephen Dorzilmas Marcel yo prezante kòm youn nan moun ki ta fè pati gang kokorat san ras la ki ap opere nan depateman Latibonit.

Lapolis presize yo arete Marcel pandan li t ap tante rantre nan vil Pòdepè depateman Nòdwès.

Fòs lòd yo akize Marcel kòm youn nan moun ki patisipe nan asasina plizyè polisye. E li te deja pase 3 mwa nan prizon.

Marcel ki genyen 27 lane sou tèt li nan gadavi ap tann suit jidisyè yo.

Joseph Samuel Guillaume, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841