Plizyè santèn elèv lise Faustin Soulouque pran lari manifeste ayè lendi 17 Avril 2023 a pou mande pou anseyan yo retounen nan sal klas yo prese prese.

Liseyen yo ki te trè ankolè e ki t ap lanse pawòl piman bouk sou otorite Leta, te pase nan divès lòt lekòl ki t ap travay nan vil la pou fòse yo ranvwaye lekòl sila yo.

Paralèlman minis edikasyon nasyonal la Nesmy Manigat, fè konnen nan yon nòt chèk mwa mas tout anseyan lekòl Leta yo disponib pou tout peyi a.

N ap siyale nan manifestasyon elèv Tigwav yo genyen plizyè elèv soti blese ak kout ròch.

Daniel Jean, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841