Lapolis Ayiti anonse yo rive arete Frantz Casimir ki se youn nan manb gang Izo segond ap dirije nan vilaj de Dye. Fòs lòd yo fè konnen yo fè arestasyon sila dimanch 16 Avril 2023 a sou channmas nan Pòtoprens Ayiti.

Lapolis rapòte yo arete Frantz nan yon machin toyota RV4 ki genyen plak AAA- 79830.

Fòs lòd di yo genyen bon jan enfòmasyon ki fè kwè Frantz ta enplike nan kidnape plizyè moun nan zòn; ri Monseyè Giyou, ri Sentonore, zòn lopital inivèsite leta…

La polis kontinye pou di Frantz Casimir alyas Ti dou oubyen CP genyen pou wòl tou nan gang 5 segond lan pou ale likide sou mache a machandiz gang nan volè.

Pou kounye a CP nan gadavi ap tann suit jidisyè yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841