Konsèy Nasyonal Tele Kominikasyon Ayiti (CONATEL) pran yon nouvo mezi pou wè kòman yo ka redui entèferans radio yo ki koze gwo problèm. Yo pran desizyon sila 12 Avril 2023 a nan yon nòt yo rann piblik.

Direksyon jeneral CONATEL la egzije depo tout dosye teknik projè radio telekominikasyon ak telefonik yo, pou dosye a genyen yon seksyon ki genyen enfòmasyon ki dwe idantifye teknisyen ki prepare dosye soumisyon an.

Selon nòt la, kopi pyès idantite tankou kat idantifikasyon nasyonal inik, oubyen paspò, pèmi kondui. Matrikil fiskal ajou. Adrès kay ak adrès elektronik plis nimewo telefòn teknisyen ki prepare dosye a. Se sa CONATEL egzije.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....