Prezidan Repiblik Dominikèn nan, Luis Abinader, entèdi nan Ayisyen Etazini ak Kanada sanksyone paske yo nan blanchi lajan nan dwòg, nan konivans ak bandi yo an AYITI ak pou lòt zak koripsyon, pou yo pa rantre Sendomeng, pandan li profite ajoute kèk lòt non tou. Gouvènman an pran desizyon sila vandredi 14 Avril 2023 a nan yon kominike.

Gen 39 pèsonalite Ayisyen ki p ap ka mete pwent pye yo Sendomeng. Se Prezidan Dominiken Luis Abinader ki pran desizyon an wikenn nan. Chèf Leta a mande Direktè jeneral migrasyon an pou li pa kite moun sa yo rantre sou teritwa yo a, paske yo reprezante menas pou peyi yo a.

Nan lis sila genyen ansyen premye minis, minis, senatè, depite, direktè jeneral ak chèf gang.

Men non moun ki fè pati lis ki paka ale Repiblik Dominikèn : Youri Latortue, Gracia Delva, Liszt Quitel, Rodolphe Jaar, Bredy Charlot, Kesner Normil, Evans Paul, Assad Volcy, Jean Tholbert Alexis, Victor Prophane, Laurent Salvador Lamothe, Richard Lenine Hervé Fourcand, Rony Celestin, Gary Bodeau, Espérance Pierre, Charles Kiko Saint- Rémy, Sherif Abdallah, Arnel Belizaire, Salim Succar, Reynold Deeb, Nénel Cassy, ​​Berto Dorcé, Antonio Cheramy (Don Kato), Steve Khawly, Frantz Cole, Jean Mardoché Vil, Fritz Désiré, Dieuné Day, Romel Bell, Wakin Pierre, Jhonson André (Izo), Manuel Saloman (Manno), Joselito Petit-Homme (Ti Makak), Elan Luckson, Jermaine Stephenson (Gaspiyay), Albert Stevenson (Djouma), Julmé Ernst (Ti Greg), ak Woodley Ethéart (Sonson La Familia).

N ap siyale, sa fè 2èm lis moun Repiblik Dominikèn sanksyone. Premye lis la te soti nan mwa septanb 2022 ak non moun sa yo ki pa genyen dwa mete pwent pye yo Sendomeng: Claude Joseph, Jimmy Cherizier alias “Barbecue” ; Innocent Vitel’Homme alias “Vitelom» ; Destina Renel alias “Ti Lapli”; Wilson Joseph alias “Lanmo San Jou” ; Claudy Célestin alias “Chen Mechan” ; Alexandre Ezechiel, alias “Ze » ; Kempes Sanon; Chery Christ-Roi, alias “Chris-La” ; Félix Monel alias “Mikano” ; Jean Pierre Gabriel alias “Ti Gabriel”; Alexis Serge Renel alias “Ti Junior» et Orlichen Emile alias “Pe Lebren”.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....