Selon yon kominike Biwo kòdinasyon zafè imanitè Nasyonzini (OCHA) mete deyò jedi 13 avril 2023 a, Nasyonzini lanse yon apèl pou kolekte fon pou Ayiti a yon otè anviwon 720 milyon dola, pou plis pase 3 milyon Ayisyen sou 4.7 milyon ki nan mizè.

Aktivite plan repons imanitè Ayiti a te dewoule nan « Otèl karibe nan Petion-Ville » an Ayiti, devan plizyè otorite Gouvèneman Ariel Henry ap dirije a, ak reprezantan divès òganizasyon.

Ulrika Richadson ki se kòdonatè pwogram imanitè Nasyonzini an Ayiti, nan entèvansyon li, atire atansyon asistans lan sou anviwon 5.2 milyon Ayisyen ki nan ensekirite alimantè, fenomèn ensekirite a ki ap ravaje peyi a.

Nan lide pou reyisit plan imanitè a, Richadson mande sipò ak konpreyansyon chak patenè entènasyonal yo sou pwen sa yo, ki se veritab objektif plan repons imanitè Ayiti a: Asire yon meyè redevabilite moun ki nan nesesite yo, aksè imanitè, yon efò kolektif pou reyisit plan an.

Bò kote pa l, Ricard Pierre ki se Minis planifikasyon ak koperasyon ekstèn Ayiti a, bat gwo bravo lakontantman pou responsab OCHA yo, pou plan repons imanitè Ayiti a. Minis la fè konnen Gouvèneman an fè gwo jefò sou bò pa li pou ede Ayisyen ki pi fèb yo.

Pou redui vilnerabilite a, plan repons imanitè Ayiti a pou ane 2023 a vize 3.2 milyon moun vilnerab nan divès sektè. Se pou sa 60% fon an prale nan bezwen imanitè.

Ensekirite k ap taye banda nan peyi a ki tiye kwasans Ekonomik la, mete sou katastwòf natirèl lye ak chanjman klimatik epi koripsyon, se kèk faktè ki ogmante kantite moun ki bezwen èd imanitè yo Ayiti.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841