Plis pase 11 000 ayisyen deja jwenn otorizasyon pou antre Ozetazini nan pwogram imanitè gouvènman ameriken an ki rele «Humanitarian Parole», aprè yon fanmi oswa yon zanmi te aplike pou yo. Si w pa gen pèsòn ki pou sipòte ou, dekouvri pi ba kijan ou ka jwenn yon esponsò pou benefisye opòtinite sa a.

Otorite ameriken bay migran nan peyi Ayiti, Venezuela, Kiba ak Nikawagwa posibilite pou jwenn yon sipòtè atravè sit entènèt www.welcom.us la.

Men etap yo youn aprè lòt.

  1. Sou yon telefòn entèlijan, tablèt oswa odinatè, ale sou sit Welcome.US la. 
  2. Aprè sa wa p gade anlè epi adwat ekran, w ap klike sou «Find Ressources ». Tousuit aprè wa p klike sou kote ou wè ki ekri «For Qualified Newcomers», epi klike sou « For Cubans, Haitians, Nicaraguans, Venezuelans seeking sponsors ».
  3. Nan nouvo paj ki louvri a, w ap gade pi ba epi klike sou «Register on welcome connect».
  4. Annaprè, paj ki rele «Find a Sponsor» a ap louvri, epi w ap chwazi «Program you are applying for ». Lè w fini w ap chwazi «Haitians».

Nan kad aplikasyon sa, y ap montre moun k ap aplike a kote pou li mete tout enfòmasyon pèsonèl li, tankou non, adrès ak imèl.

Enpòtan:

Avan ou te ka enskri nan pwogram sa nan dat 15 pou chak mwa, apati 11 zè nan maten. Men koulya, sit la anonse y ap pran enskripsyon yo chak 3zyèm madi nan mwa a. Sa vle di pou mwa avril la, se madi 18 la pou w monte sou platfòm nan.

Gilles Justin
Sous: Loop Haiti News

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841