Direksyon Jeneral Ofis Asirans Veyikil Kont Tyès (OAVCT) soti yon sikilè vandredi 14 Avril 2023 a, pou rasire anplwaye enstitisyon an li panse ak difikilte y ap fè fas yo, pandan l ap fè sa l kapab pou aji pou yo.

Selon nòt sila, DG enstitisyon an Fritzner Bernadel fè konnen li renouvle angajman li pou modènize sèvis la pou kliyan yo ak ogmante kapasite staf teknik la pou enstitisyon an ka prospè pou peyi a.

Pi lwen, DG a presize lavi vin pi chè chak jou, nan lide pou valorize efò anplwaye yo li pran nòt de tout revandikasyon anplwaye yo ki se: inifòmize salè tout anplwaye, ajiste salè ak avantaj sosyal yo.

DG Bernadel profite anonse tout pèsonèl biwo a y ap travay sou yon avan ptojè lwa amandman, sitou kad legal OAVCT a, ki se lwa 8 septanb 2003 a jis pou bay suit ak renvandikasyon anplwaye yo.

Direksyon jeneral la fini pou di li konte sou bon jan konpreyansyon ak sans responsabilite tout anplwaye li yo.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841