Nan tèt kole, gouvènman Ayisyen an ak Fon Monetè Entènasyonal (FMI), premye minis Ayisyen an Ariel Henry lanse Jedi 13 Avril 2023 a yon pwogram èd sosyal pou ede sila ki pa kapab nan popilasyon an. Yon pwogram ki evalye a 21 milya 600 goud e ki kòwòdone pa Food Shock Window.

Selon premye minis Ariel Henry, CNSA ki kontwole sitiyasyon grangou nan peyi a te trase kat ki moutre klèman sitiyasyon degradan moun nan seksyon kominal ak komin yo. Pou PM nan, pwogram sosyal sa se yon bòn nouvèl popilasyon an tap tann.

Nan lide pou rezoud pwoblèm ensekirite alimantè a gouvènman Ayisyen an ak alye li Fon Monetè Entènasyonal (FMI) lanse pwogram sila ki koute anviwon 21 milya 600 milyon goud k ap depanse nan 6 mwa. Kote patnè Entènasyonal yo debloke 15 milya 600 milyon epi gouvènman Ayisyen an ap bay sèlman 6 milya goud.

Yon lòt kote, minis afè Sosyal ak Travay (MAST) la Pierre Odney Ricot fè konnen, pou idantifye benefisyè yo ap gen yon premye siblaj nan lis ki deja egziste nan ministè a, yap sible tou 5 mil paran elèv ki pa kapab ak antrepriz PME ki touche pa kriz la epi tou, ap gen yon lòt pati ki sible jèn pwofesyonèl yo.

Pou fini, Premye minis Ariel Henry ale pi lwen pou di, pou pwogram nan rive ak objektif gen 3 pwen kle ki dwe respekte:
1- Lajan an dwe al jwenn moun ki pi fèb yo
2- Dwe gen transparans nan depans lajan an
3- Rapò yo dwe klè pou tout kouch sosyete a ak ka entèprete yo.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841