Nan piti pase 24è gen 2 avoka ki mouri asasine nan peyi a. Youn se Me André Charléus nan konfli tè nan komin Monwi epi lòt la se Me Jacques Philomé Ambroise nan vil KAP ayisyen pa twò lwen lakay li.

Pierre Jacques Philomé Ambroise, avoka bawo vil Kap Ayisyen mouri asasine aprè li fin resevwa 6 katouch jedi maten anba men bandi ki t ap sokile sou moto siklèt. Avoka a viktim toupre lakay li ki nan site Lesko. Lapolis nan Okap anonse yo deja ouvri yon ankèt.

Yon lòt pa, nan Monwi nèg ak zam asasine Mèt André Charléus epi brile kadav l .Mèt Charléus se te avoka yon group peyizan nan Pyat ki nan konfli tè .

Koze ensekirite Ayiti a kontinye ap mete dlo nan je anpil moun nan tout sektè vi nasyonal la kote Gouvèneman Ariel Henry a parèt enpuisan.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....