Gouvènman Ariel Henry a relanse pwosesis pou chwazi non manm nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a, 20 non chwazi yo ap remèt a HCT a.

Jodi Mèkredi 12 Avril 2023, Premye minis Ariel Henry voye lèt bay plizyè sektè nan vi nasyonal la pou jwenn 20 non pèsonalite pou pita 17 Avril kap vini la pou fè pati nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Reyalize pwochèn eleksyon yo.

Selon sa gouvènman an esplike sou akò 21 Desanm 2022 a, pwosedi pou chwazi pèsonalite pou KEP a modifye. Pou kounya, se estrikti reprezantatif sosyete ayisyèn nan kap bay HCT a 20 non pèsonalite chwazi yo. Pou seleksyone 9 pami yo pou vin manm nouvo Konsèy Elektoral Pwovizwa a.

Lèt sila a presize, pou vin manm nouvo KEP a kritè yo se toujou menm: ou dwe Ayisyen, ou dwe rete nan peyi a, ou dwe ap jui yon bon repitasyon ou pa dwe tou te kondane pou zak Malonèt, ou dwe gen 10 Zan eksperyans pwofesyonèl, ou dwe tou gen yon fòmasyon jiridik ak Administratif ak yon bon konesans nan zafè elektoral.

Pou fini, gouvènman an raple, sektè kite gentan pwopoze lis non depi nan Akò 11 Septanm 2021 an, non sa yo pa pibliye se pou ankouraje patisipasyon plis konpatriyòt.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841