Direksyon Santral Polis Jidisyè a #DCPJ, arete polisye Anderson Destin 11 avril 2023 a, paske misye se alye chèf gang Izo. Fouye telefòn polisye a, ajan yo jwenn misye konn pale ak chèf gang Vilaj de Dye a; n ap souliye, 17 mas pase a, se dènye fwa fòs lòd yo jwenn polisye-bandi a, pale ak chèf gang nan.

Antite saa ki andan DCPJ ki se Biwo zafè kriminèl (BAC) mete anba kòd polisye Anderson Destin ki fè pati 26 zyèm pwomosyon polis la selon enfòmasyon sèvis kominikasyon polis nasyonal la pibliye mèkredi 12 avril 2023 a.

Fòs lòd yo fè konnen yo jwenn bon jan prèv sou telefòn polisye a kote li konn ap echanje ak chèf gang Izo vilaj de Dye. PNH rapòte dènye fwa polisye a pale ak Izo remonte a samdi 18 mas 2023 a.

N ap raple nan yon rapò Sant Karl Levèk (SKL) ki se yon òganizasyon dwa moun Ayiti te pibliye nan mitan mwa oktòb 2022, Pè Gady Manoeuvre ki se sekretè egzekitif òganizasyon an te revele 40 a 60% polisye Ayiti nan gang sitou sa ki detache ak ansyen e aktyèl otorite Leta Ayisyen yo.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841