Anpil deplasman jewopolitik ant plizyè peyi nan mond lan tankou Brezil, Lachin ak Larisi, vle mete an kesyon lidèchip mond oksidantal la, an patikilye Lèzetazini damerik

Sòti madi 11 pou rive vandredi 14 avril 2023 a, prezidan brezilyen an, Luiz Inácio Lula da Silva vizite Lachin premye fwa depi dènye manda li a, nan sousi pou rankontre tokay li Xi Jinping. Vizit sila ki vize prensipalman ekonomi 2 peyi yo, ap touche gè Larisi-Ikrèn nan epi gade avni Loksidan.

Prezidan Lula te planifye pou vwayaje nan Beijing (Chine) mwa pase a, men li te oblije anile vwayaj la, lakòz li entène lopital ak yon nemoni. Lendi pase a, biwo li te anonse vwayaj la ap fèt, piske Brezil vize reviv relasyon zanmitay li ak peyi Lachin ki te deja patnè komèsyal prensipal li depi lane 2009.

Pou divès medya tankou CNN, Le Monde, Le Figaro, Radio France, RFI, Franceinfo, Radio Télévision Suisse, Courrier International, vizit prezidan Lula nan peyi Lachin chita sou 2 gran aks: Yon kote, vizit la lye ekonomi peyi yo ki dwe pratikman relanse, aprè ansyen prezidan Jair Bolsonaro ta brize tout relasyon Brezil ak divès lòt peyi.

Yon lòt kote, 2 manm BRICS yo dwe genyen yon echanj serye sou lagè ki opoze peyi Larisi ak Ikrèn nan. Selon kèk medya, rezon se peyi Lachin prezidan Lula chwazi pou pale de lagè sila, se paske pou li, peyi Lèzetazini pa reyèlman swete mete lapè nan mond lan. Li di sa nan yon deklarasyon li fè avan menm li te deplase pou vwayaj li nan peyi Lachin.

Se pandan, pou jounal l’humanité, anplis de 2 lòt pwen sa yo chèf leta yo ap touche, y ap pale tou de pwa Loksidan nan balans mondyal la. Men sa jounal la ekri :» Vizit prezidan brezilyen an, Luiz Inácio Lula da Silva, nan peyi Lachin, soti 11 pou rive 14 avril, sètifye mouvman Sid Global la ki vize kesyone mond oksidantal la.»

N ap raple, depi mwa mas pou rive avril 2023 a, peyi manm BRICS yo (Brezil, Larisi, End, Lachin ak Afrik di Sid,) atame yon ansanm pwosesis diplomatik, ki vize gade kijan yo kapab vin ak de nouvèl politik ekonomik, ki kapab pèmèt yo elimine konplètman dola ameriken an nan sistèm finansye ak komès peyi yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...