Polisye kou sivil pa sispann tonbe, komisarya ap boule, pandan Nasyonzini ap nome gwo espès defansè dwa moun an Ayiti

Pierre Paul Junior Dorcely, Nicolas Robenson, Medèze Fortilien, se non 3 dènye polisye sa yo bandi nan Pòtoprens asasinen dimanch 9 avril 2023 a nan Tomasen 48, daprè sa sendika Synapora fè konnen. Se pa premye gwoup polisye ki tonbe anba bal puisan bandi yo pou nouvo ane sila, piske soti 10 janvye pou rive 09 avril 2023 a, bandi yo deja asasinen 18 polisye nan divès depatman an Ayiti.

Pi lwen, bandi Savyen yo ki nan depatman Latibonit peyi Ayiti, piye epi boule rapyetè komisarya Ti Rivyè a nan jounen madi 11 avril 2023 a. Sa prèske genyen pratikman 3 mwa depi komisarya Ti Rivyè a abandone bay gang k ap opere nan Savyen an, sa fèt depi aprè lanmò 6 polisye yo nan depatman an 25 janvye pase a.

Poutan, William G. O’Neill yo di ki se yon nouvo ekspè nan dwa moun an Ayiti, antre an fonksyon mèkredi 12 avril 2023 a. Se chèf dwa moun yo nan Nasyonzini, @Volker_Turk, ki nome li. N ap note, fas ak nivo vyolans dwa moun yo an Ayiti, menm O’Neill sa a te deklare 21 mas pase a, se yon wont pou AYITI nan eta sa a, poutan li plase ant sèlman 1:30 ak peyi Etazini.

Antouka, sitwayen yo ki swaf jistis nan tout nivo, pa sispann mande otorite lokal yo, ni entènasyonal la pou yo sispann pase mas pèp la nan betiz ak yon pil chita pale sou AYITI, men ki pa janm ko pote anyen de konkrè pou yo fas ak divès eta trè kritik y ap fè fas nan pwòp peyi yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841