Ki tout listwa tabou ki kache dèyè kontriksyon lise sant vil Sodo a soti 2013 pou rive 2023, konbyen kòb pwojè a ye, ki fim k ap konstwi l, poukisa kantite sal yo redui

Travay konstriksyon lise sant vil Sodo a «Lycée Benoît Batraville» ki te bloke sa fè plizyè lane, rekòmanse jounen lendi 10 avril 2023 a, jan responsab yo nan meri a te anonse sa nan kad yon rankont yo te fè madi pase ak divès sitwayen nan vil la, plis lòt pèsonalite.

Selon anpil sitwayen andedan komin nan ki pa kache di sa konnen sou kesyon sila, pale de konstriksyon lise sant vil Sodo a, se gade yon trajektwa byen long ki gen yon kòmansman, ki sanble san fen. Sa se youn nan espresyon divès manm nan popilasyon an pa sispann itilize, a chak fwa yo gen okazyon pale sou konstriksyon lise Benoît Batraville nan komin Sodo.

Pou listwa, lise a gen plis pase 10 lane depi premye demach yo te kòmanse fèt pou konstriksyon li. Nan dat 14 novanm 2013, aprè yon reyinyon nan meri Sodo a, men kisa yon sitwayen te ekri : «Visite de prospection de l’Embassadeur du Nigeria en Haiti a Saut-d’Eau, sur la possibilite de construire le Lycée Benoit Batraville de cette ville. Malgre tout sa Sodo reprezante nan sa ki gen a wè ak la kilti, poko janm gen yon Lise ki konstwi nan Sodo. Se nan lekòl Nasyonal la lise a prete yon ti espas…»

14 novanm 2013, premye rankont nan meri Sodo a sou konstriksyon lise a

Avèk yon don ki soti nan peyi Nigéria, kote se elèv divès lekòl ki te kontribye, lise sant vil Sodo a te kòmanse konstwi depi mwa janvye 2015. Malerezman, travay yo te vin oblije kanpe 4 mwa aprè, swa an me 2015, akòz yon tranzisyon osnon chajman gouvènman ki t ap fèt nan peyi Nigéria. Depi lè sa a, pa t gen aktivite ankò sou teren lise a.

Selon temwayaj anpil notab, bòs yo ki t ap travay sou santye a, machann ki konn vann nan espas la ak lòt moun k ap viv nan zòn nan, depi menm mwa me 2015 lan, yon gwoup endividi mal entansyone, ki te jwenn sipò konplis kèk otorite-responsab nan komin Dodo, rive bote prèske tout materyèl ak materyo ki te destine pou travay konstriksyon lise a.

Nan dat 6 dawout 2020, sitwayen Arthur Estiverne, anseyan, pwofesyonèl, pitit Sodo, te ale sou plas, fè yon videyo epi konstate kantite lajan ki deja depanse pou konstriksyon lise a, te rele anmwe sou paj fesbouk li, nan sans pou bouste Otorite yo nan Sodo pou panche sou ka lise a.

Jou ki te lendi 21 fevriye 2022 a, swa 7 lane depi konstrikdyon lise a te kanpe a, reprezantan Anbasadè peyi Nigéria a pou epòk la, M. Michaël Babadudu, akonpaye Meri Sodo, Direktè Lise a M. Renick Thelus, Sansè Lise a M. Emmanuel Étienne, kèk Anseyan, elèv ak sitwayen, te fè yon vizit sou tèren Lise a, nan sousi pou founi je gade kisa ki kapab fèt.

Jou ale, jou vini, madi ki te 05 avril 2023 a, lameri Sodo te fè yon rankont pòt ouvè, kote yo te pale sou sa ki lye ak nouvo demaraj konstriksyon lise a pou lendi 10 avril 2023 a, san yo pa presize ki fim k ap fè ekzekisyon an, ni kantite lajan ki dekese pou konstriksyon sila.

Responsab yo di kantite sal lise a te dwe genyen yo redwi, malgre acha pou 400 000 goud yon rès pòsyon tè ki ogmante pou fè yon teren pou jwe ak espas divètisman; yon konpòtman sitwayen yo pa sispann kritike, paske pou yo, se yon blanchiman, e se yon mank respè pou yo pa ka gen aksè ak enfòmasyon sansib sa yo.

N ap note, Komin Sodo ki chita sou 4 seksyon ak sant Vil la. Li te deja gen plis pase 39 000 abitan selon dènye resansman ki te pibliye nan lane 2015 yo, ki fè anviwon 179.41 km², pa ko janm genyen yon espas definitif pou lise a depi aprè fondasyon l nan dat septanm 1999, lè elèv yo te konn peye 60 goud pou tout ane a epi 10 goud pou egzamen pa kontwòl, selon ansyen Enspektè Paul Nestor Saurel.

Depi lè sa a, se toujou nan lòt lekòl leta yo, tankou lekòl Kongreganis «Notre dame Mont Carmelle» lise a te fonksyone. Konsa, li konn 2 zè elèv «Mè» yo deside pa kite espas la, sa ki lakòz elèv lise yo oblije rete nan lari a, sitou li konn entèdi yo penetre lakou a avan menm lòt elèv fondamantal yo sòti.

N ap ajoute, se pa sèlman nan sant vil Sodo ki genyen yon lise k ap soufri sa fè plizyè lane. Nan Dibison ki fè pati 2èm seksyon Lasèl, toujou nan komin Sodo, genyen yon lòt lise k ap konstwi depi avan lane 2020, ki malerezman pa ko janm fini tou.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...