Anpil gwo deba nan divès jounal nan mond lan sou yon evantyèl posiblite pou genyen prezans gwoup Wagner nan Ayiti, aprè kèk dokiman Pentagòn ki pran lari

Aprè yon seri dokiman sansib Pentagòn Ozetazini dispoze te fè fwit, ant samdi ak dimanch 09 avril 2023 a, divès medya ameriken, britanik, fransè tankou Miami Herald, New York Times, BBC News, Daily Mail, RFI revele « Wagner » ki se yon gwoup mèsenè ki soti nan peyi Larisi, ta vle antre osnon deja antre an Ayiti, nan sousi pou opere kont gang k ap feraye an Ayiti yo, la anba nen gouvènman ameriken an.

Pwofesè Evan Ellis ki te pale ak Miami Herald te fè konnen: « Li pa sipriz pou mwen si Wagner ap chache opòtinite biznis. Mwen pa gen okenn konesans pèsonèl sou plan yo, men gen yon diferans ant chache opòtinite biznis ak gen yon konvèsasyon serye ak yon moun ki ta ka mennen nan yon kontra. »

Pi lwen, Miami Herald fe konnen genyen yon gwo ofisyèl Ayisyen ki di yo Premye Minis Ariel Henry pa gen okenn diskisyon ak gwoup Wagner a, ni ak okenn ofisyèl Ris, e li pa t mande okenn nan yo èd, nan kad demann li te fè patnè entènasyonal yo pou yo deplwaye yon fòs entèvansyon rapid an Ayiti, pou ede lapolis nasyonal la goumen kont gang.

Pou jounal BBC News, Gwoup mèsenè ki vle debake Ayiti a, se yon gwoup paramilitè k ap defann enterè eksteryè peyi Larisi. Se Yevgeny Prigozhin, pwòch Vladimir Poutine ki kreyel an 2014. Yo gen plis pase 50,000 sòlda Ikrèn. Soti 2015 pou rive 2023, gwoup Wagner a entèvni nan divès peyi tankou Siri, Mali, Libi…

Pou France 24 ki plase mo pa l nan kad dosye a, fè konnen dokiman konfidansyèl ameriken yo ki fè fwit la, reprezante yon gran ris pou sekirite Lèzetazini, pou yo se yon bagay ki trè grav.

Poutan, selon jounal britanik Daily Mail, nan seri dokiman sa a ki pran lari nan semèn nan, yo ta jwenn genyen yon gwoup mèsenè peyi Larisi ki pote non WAGNER ki deja ap opere an Ayiti, la a anba nen Etazini an. Daily Mail pibliye sa jounen dimanch 09 avril 2023 a, san li pa di si se yon operasyon ofisyèl oubyen ofisyez.

Pou anpil obsèvatè li t ap yon gwo sipriz e sa t ap etone anpil moun si Premye Ariel Henry t ap genyen kouraj pou ta pran desizyon pou sòlda Larisi ta mete pye Ayiti.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841