Aprè asasina 3 polisye yo nan Komin Petion-Ville ayè dimanch lan, lapolis nasyonal Ayiti anonse lendi 10 Avril 2023 a, nan kad operasyon y ap mennen nan Tomasen, genyen plizyè bandi ki tonbe.

Selon yon nòt sèvis kominikasyon polis nasyonal la pibliye sou kont ofisyèl li, yo fè konnen genyen plizyè bandi ki nan gang Timakak la ki mouri nan boukante kout bal ak fòs lòd yo.

Toujou selon nòt sèvis kominikasyon polis nasyonal la, yo rive sezi plizyè fizi daso nan kad operasyon sa, san pou otan bay ankenn chif.

N ap souliye Pierre Paul Junior Dorcé, Nicolas Robenson, Medèze Fortilien, se non 3 polisye sa yo bandi touye dimanch 9 avril 2023 a, nan Tomasen 48. N ap note tou sòti 10 janvye pou rive 09 avril 2023 a, bandi deja asasinen 18 polisye nan peyi D Ayiti.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841