Pierre Paul Junior Dorcé, Nicolas Robenson ak Medèze Fortilien, se non 3 polisye sa yo bandi touye dimanch 9 avril 2023 a nan Tomasen 48, nan yon anbiskad.

Selon enfòmasyon Synapora di li dispoze, 3 polisye ki asasine yo se gang Timakak ap dirije a nan Laboul ki egzekite polisye sa yo.

Tousuit aprè nouvèl asasina 3 polisye yo dimanch saa, premye Minis peyi a, Doktè Ariel Henry reyaji sou kont truitè li pou di li deplore asasina polisye vanyan sa yo ki tonbe anba bal asasen san fwa ni lwa.

Premye Minis la kontinye pou li di Gouvèneman an pa rete ensansib devan zak ensekirite yo nan peyi a, se pou sa y ap travay anpil pou bay repons ak ensekirite a.

Bò kote pa yo, direksyon jeneral polis pa kanal responsab kominikasyon yo voye senpati yo bay fanmi polisye ki viktim yo.

N ap note, soti 10 janvye pou rive 09 avril 2023 a, bandi deja asasinen 18 polisye an Ayiti.

Sa a se dat ak kangite polisye ki asasine Ayiti:
10 janvye 3 polisye
20 janvye 4 polisye
25 janvye 6 polisye
31 janvye 1 polisye
20 mas 1 polisye
09 avril 3 polisye.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....