Nan yon rezolisyon sèt (7) manb konsèy administrasyon Elektrisite Ayiti (EDH) siyen, yo anonse yo pran kèk mezi pou redui depans enstitisyon an. 60% kontraktyèl EDH ap revoke.

Nan rezolisyon sila, responsab yo fè konnen yo oblije pran mezi sa yo paske sa parèt ijan pou redemare epi retounen nan misyon EDH de kreye a.

Konsèy la pran desizyon tou pou koupe frè sipèvizyon ki pat respekte barèm jiyè 2018 la. Yo tou profite mete prensip ki nan regleman entèn nan sou yon ti poz. Frè espesyal pou aktyèl projè yo koupe jiska nouvèl lòd.

Yon lòt kote nan rezolisyon an responsab EDH yo presize yo koupe kontra ak tout konsiltan apati 30 Avril 2023 a. Epi tout direksyon yo genyen pou bay lis 40% kontraktyèl EDH ki aktif y ap kenbe yo jiska vandredi 13 me 2023 a, akoz genyen 60% nan kontraktyèl yo y ap voye ale.

Yo kontinye pou di genyen yon ansanm de privilèj yo te konn akòde y ap oblije re-wè tankou plan telefòn, plan abònman ti fanmi. Yo presize se sitiyasyon finansyè enstitisyon an ki oblije yo fè sa.

Selon sa Minis travo piblik transpò ak kominikasyon an fè konnen mèkredi pase a nan yon entèvyou, pou Leta rezoud definitivman problèm EDH la y ap bezwen yon milya de san mil dola.

N ap siyale, mezi sa yo vini aprè prèske yon mwa anplwaye EDH te fè kanpe travay pou egzije enstitisyon an peye yo 5 mwa travay li dwe yo, kote EDH pat menm genyen lajan nan fon li pou te fè pewòl se Leta santral ki ta pral entèvni pou peye pou li.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841