Nan yon nòt Kolektif Ansyen Depite Opozisyon ak Alye l yo (KADOA) mete deyò lendi 22 me 2023 a, ki pote siyati Vikerson GARNIER, Ansyen Depite Tyòt Kòdonatè ak Abel DESCOLLINES, Ansyen Depite Mibalè epi pòt pawòl, yo egzije Ministè komès ak endistri pou bay pri tout pwodui premye nesesite yo sou tout teritwa nasyonal la pou pèp la kapab rale yon ti souf anba move lavi.

Nan nòt sila a kolektif la di devan kalamite ensekirite, blakawout, ratman gaz, grangou, lavi chè elatyriye, mande Ministè Komès ak Endistri poukisa li refize fikse nouvo pri tout pwodwi premye nesesite yo sou mache lokal la?

KADOA fè konen li konstate tout pri pwodwi premye nesesite yo kontinye rete tèt nèg malgre gwo bese ki fèt nan to dechanj ant dola ameriken an ak lajan pa nou an ki se goud la. Kolektif la mande, èske pèp la pa gen dwa jwenn pwoteksyon Leta kòm regilatè

KADOA kontinye pou di li pa rive konprann poukisa se sèl pri espageti, bwat lèt epi lwil ki fè yon ti bese tou piti sou mache a, swivan kapris machann yo, epi otorite ki la yo rete bouch fèmen.

Toujou selon nòt la, KADOA pwofite raple tout moun, gwo enpòtatè ak gwo revandè yo toujou di se akoz monte to dechanj dola ameriken an parapò ak goud la ki fè yo konn oblije ogmante pri pwodwi premye nesesite yo nan magazen ak mache yo. Poukisa kounye a yo poko deside desann pri pwodwi sa yo pandan tout moun konstate to dechanj dola ameriken an parapò ak goud la desann depi kèk tan?

KADOA di li rete kwè ke nan moman sa, pèp la ta dwe rale yon souf. Poutèt sa, li mande prese prese pou Ministè Komès ak Endistri fè travay li kòm sa dwa : Bay nouvo pri pwodwi premye nesesite yo. Boutofen, KADOA tou pwofite mande gouvènman an, pou l fikse pozisyon l sou mache nwa k ap fèt nan ponp gazolin yo nan zafè gaz la.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841