Tribinal peyi Salvadò kondane lendi 29 me 2023 a, anyen prezidan Mauricio Funes a 14 lane prizon epi ansyen minis jistis li, David Munguia Payes pou pase 18 lane paske yo te nan tete lang ak gang ki t ap ravaje peyi a.

Se prokirè jeneral peyi Salvadò a, Rodolfo Delgado ki pibliye enfòmasyon an sou kont twitè li.

Ansyen prezidan Funes ki ap viv nan peyi Nikaragwa ki tou pran nasyonalite Nikaragweyen nan lane 2019, te dirije peyi Salvadò soti 2019 pou rive 2014.

Anfèt, aktyèl prezidan peyi Salvadò a, Nayib Bukele ki konsantre l pou li demantle gang deja arete 68 000 moun yo reprochè ki nan gang.

N ap siyale konstitisyon peyi Nikaragwa pa aksepte pyès sitwayen li ekstrade.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841