Jodi Madi 30 Me 2023 a, premye minis Ariel Henry rankontre yon delegasyon Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD), dirije pa madam Michelle Muschett Zimmerman ki vin diskite sou òganizasyon eleksyon ak ede kreye yon klima sekirite an Ayiti.

Selon enfòmasyon biwo kominikasyon primati difize, delegasyon PNUD lan te reprezante pa direktris rejyonal la madam Michelle Muschett Zimmerman, reprezantan rezidan an M. Nick Harmann, M. Mactar Fall ak tout, M. Olivier Hildago kise espesyalis pwogram nan.

Selon nòt la, rankont ant chèf gouvènman Ayisyen an ak delegasyon PNUD la te fèt sou plizyè dosye enpòtan tankou: sitiyasyon sekiritè, lajistis, Òganizasyon eleksyon ak kreyasyon yon klima sosyal apeze.

Pou fini, divès rankont ak patnè Entènasyonal kou Nasyonal espesyalman dènye rankont HCT a sou sekirite. Ta sanble pa diminye sou puisans gang ame yo akoz sivil ak polisye kontinye mouri nan tout katye metwopolitèn nan malgre revanj popilasyon an kont bandi yo ak fenomèn BWA KALE!.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841