Rankont ant anplwaye EDH yo o nivo Pelig ak divès sitwayen ki sòti nan plizyè komin nan depatman sant lan te fèt jedi 22 jen 2023 a jan sa te anonse epi planifye a. Anpil pawòl pale, vrèman anpil pawòl, pami yo responsab yo bay jiska lendi 26 jen k ap vini la a pou yo kanpe travay.

Pi lwen, yo sitwayen yo pwopoze pou fè yon chita pale ak divès aktè andedan peyi a, tankou lidè politik, komèsan, notab ak lòt kouch nan sosyete a. Rankont sa yo vize rezoud pwoblèm sila a ki definivman poze ant leta Ayisyen ak Reponsab EDH yo, patikilyèman o nivo Pelig.

Anplwa EDH yo poze divès pwoblèm pètinan e n ap site fon pansyon Direksyon Jeneral Enpo (DGI), prelèvman sou chèk yo pou Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès (ONA) ak divès lòt griyèf enpòtan yo te soulve, poutan, toujou selon sa anplwaye yo di, lajan sa yo pa janm rive nan okenn nan enstitisyon yo vre.

N ap raple, se nan yon nòt yo te soti mèkredi 21 jen 2023 a, anplwaye EDH yo nan nivo Pelig te fè konnen yo kontinye pa janm touche, tout siyal yo voye, yo pa jwenn okenn repons. Pou sa, yo menase kanpe santral la ankò. Paralèlman, yo te envite tout sitwayen depatman Sant lan nan rankont sila ki fèt nan santral Pelig la a 2:30 nan aprè midi.

Kontrèman ak sa ki t ap sikile nan lari a depi kèk jou, anplwaye EDH yo te touche sèlman 1 mwa sou 5 yo dwe yo, jodi a li pase a plis mwa. Yo te peye grenn mwa a jounen vandredi 12 me 2023 a, aprè anplwaye yo te kanpe travay depi mwa avril 2023. Se sa ki lakòz, paralèlman, responsab yo nan Pelig te vin bay kouran an menm jou vandredi yo te touche a, kèk minit aprè tout planifikasyon ki te fèt ak responsab EDH yo plis anplwaye yo nan Pelig.

Kesyon sitwayen yo kontinye poze sou koze kouran sa a, èske se idwo elektrik Pelig la leta Ayisyen vle elimine nan peyi a ki lakòz nan pi wo nivo Leta a yo pa ko janm deside solisyone pwoblèm anplwaye yo ki pa ak touche regilyèman ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841