Komisè Gouvènman Jiridiksyon Miragwàn nan, Jean Ernest Muscadin, resevwa jedi 22 jen 2023 a kle yon machin blende dyaspora ayisyèn nan te pwomèt li. Yon inisyativ jounalis Thériel Thélus te pran sou rezo sosyal depi kèk jou.

Chèf pakè jiridiksyon Miragwàn eksprime rekonesans li anvè kominote dyaspora ayisyèn nan pou jès sila. Konsa, li fè konnen nouvo machin sa a pral ede l mye jere koze bandi ki vle tabli katye jeneral yo nan depatman Nip la.

Anplis dyaspora ayisyèn nan fè konnen komisè Muscadin ka konte sou sipò popilasyon depatman Nippes la. Nan mwa me pase a, plizyè milye moun te manifeste pou eksprime dezakò yo ak yon rimè ki ta fè kwè komisè a ta dwe transfere nan jiridiksyon Jakmèl nan depatman Sidès.

Genyen kèk sitwayen ki pa mache nan direksyon chèf pakè Miragwàn nan mennen bak li nan jiridiksyon an, konsa tou anpil manm nan popilasyon an bat bravo pou travay sila ki anpeche bandi anvayi divès kwen nan rejyon Sid la.

Finalman, nan diskou li, komisè Jean Ernest Muscadin pwofite voye yon piga bay tout bandi ki ta gen entansyon pran direksyon Sid la.

Cenes JOSEPH, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841